kre-span

Ou vle apwann yon lòt lang
Kijan ou ta renmen fonksyone nan lang saa
Kom debitan, pwofesyonèl oubyen ekspè ?

Meyè fason pouw apwann yon nouvèl lang se lèw ap anrichi konesans ou nan lang saa piti a piti ak disiplin sanw pa lage jiskaske ou metrizel

Premye etap la se pouw familiarizew ak yon seri de mo ke ou jwenn trè souvan nan yon konvèsasyon.

Dezyèm etap la se pouw idantifye estrikti fraz yo nan lang saa. Relasyon ak pozisyon eleman ki fè yon fraz.

Twazyèm etap la se pouw komanse agrandi vokabilèw nan tande kote moun ap itilize lang nan ak li liv ki ekri nan lang nan.

Mwen ta byen renmen edew nan apwann yon nouvèl lang ke se swa : franse, angle oubyen panyòl. Kontaktem pou enfomasyon
hercule@lebien.net

Mwen rele Hercule Milhomme, mwen se ayisyen natifnatal.
Mwen mete pwogram saa sou pie poum wè nan ki manyè mwen ka ede nou apwann yon lòt lang tankou panyòl pa egzanp. Si ou te fè de jou lekòl lap fasil pouw apwann li. Menm si ou pat rete lekòl, depi ou ka li wap kapab swiv pwogram nan, men fòk ou met entelijans ou deyò pouw kapab fè yon seri de dekouvèt pèsonèl epi etabli relasyon ant saw apwann deja, saw ap apwann e saw gen pouw apwann pi devan.

Ou pa gen senkòb pouw peye pouw apwann panyòl la sou nèt la. Si ou ta vle gen kontak ak yon pwofesè, wap oblije peye pou sa. Epitou siw ta vle gen yon sètifika, wap peye US$50.00 sou sit la; wap pwan twa ekzamen: pale, ekri, tradi an panyòl anvan pouw jwenn sètifikaa. Fòk ou pase ekzamen yo a swasanndi pousan pouw ka resevwa yon sètifika

Pwemye faz

Lè ke ou pwan yon Kou ak nou, men kijan wap itilize pwogram nan. Gen kote nap ba ou eksplikasyon, gen kote nap fè ekszèsis ak ou, gen kote pou ou fè ekszèsis poukont ou epi gen seksyon konvèsasyon pou ou swiv de pwe pou ou ka ouve bouch ou pouw pale.

Gen anpil diferans ant fè yon bagay ak fè yon bagay byen. Mwen ta renmen pou ou pale panyòl byen. Lè ou louvwi bouch ou, pou yo wè ke ou gen yon bòn fòmasyon

Pwononsyasyon

Pwononsyasyon se yon bagay ki enpòtan anpil nan aprantisaj yon lang. Men kòman yo pwononse yon seri de lèt ke pwononsyasyon yo diferan de kreyòl la

Pwononsyasyon vwayèl : a, e, i, o, u, y
Lèt sa yo : a, e, i, o, pwononse menm jan ak kreyòl la sepandan lèt u pwononse tankou ou epi lèt y pwononse tankou i.
Kontrèman a yon seri de lòt lang ou pa pale trennen lè wap pale. Li pwèske menm jan ak kreyòl. Lang panyòl pa gen pouw fè lè soti nan bouch ou anvan son soti nan bouch, ou di mwens trè raman (yo rele sa aspire) ou pa gen pouw aspire. Epi tou son yo soti nan devan bouch ou, se pa nan gòj ou.
Genyen de fwa de vwayèl konn kontre ansanm (ie) (au) nan yon mo. Yo rele vwayèl i, u ak y vwayèl fèb. Yo rele vwayèl a, o ak e vwayèl fò. Lè se yon vwayèl fò ak yon vwayèl fèb ki kontre nan yon mo, li sòti nan bouch tankou yon sèl son melanje. Se menm bagay la lè se de vwayèl fèb ki kontre nan yon mo tankou « muestra ». Yo rele sa (diftong). Sepandan lè se de vwayèl fò ki kontre, li sòti tankou de son diferan. Yo di li pa gen diftong.

Pafwa menm twa vwayèl konn kontre ansanm nan yon mo, yo rele sa (triftong) tankou nan mo Paraguay.

Pwononsasyon konsòn
c (devan e ak i) ——pwononse tankou——s nan Solon (Sam)
ch————————————————–ch tankou nan tchen (chica)
g (devan e ak i)———————————–h tankou nan Harry, (general)
h—————————————————-en silans, ou pa menm tandel nan ola (hola)
j—————————————————–h tankou nan Harry (Juan)
ll—————————————————-y tankou nan ye (llama)
ñ—————————————————-nye tankou nan kounyea (mañana)
q (swiv pa ue oubyen ui)————————k tankou nan kapab (tequila)
r (komansman yon mo oubyen apwe l,n)—-ou woule lang ou r (rosa, rio)
rr—————————————————ou woule lang ou r (carro)
v—————————————————-b tankou nan boul (Victor)
z—————————————————-s tankou san soulye (cerveza)

Lòt lèt tankou b, d, f, k, l, m, n, p e t samble ak jan nou pwononse yo nan Kreyòl, nou pa vwèman bezwen etidie yo. Menm bagay pou mo ki kòmanse pa w ak x sèlman paske li pa gen anpil konsa.

Kounyea eseye prwononse mo sa yo korèkteman:
General, hueso, Cecilia, lleno, Julio, nada, niño, parar, quiere, terror, vino, zapato.

Pafwa gen moun ki konn vle apwann pi byen yon lang ke yo ka degage yo ladann. Sèlman sa yo bezwen, se yon estrikti pou yo ka itilize lang nan pi byen. Eske ou ta renmen pwan yon ti tès pouw wè kotew ye nan lang la.

Nap komanse ak yon ti vokabilè tou piti. Sa kap pèmèt nou fè yon seri de fraz tou senp.

Premye travay ou gen pouw fè se jwenn nan yon diksyonè sa mo sa yo vle di nan lang ke ou vle apwann nan: (pwonon) mwen, ou, li, nou, yo, (non) papa, manman, fwè, sè, kouzin, tonton, matant, neve, niès. Nan lis saa nap ajoute de mo sa yo ke yo rele (vèb) : se, genyen. Pou nou konplete lis la, nap ajoute mo sa yo ke yo rele (adjektif) malad, fatige, byen, tris, ere.

Petèt ou pa gen diksyonè, map ba ou siyifikasyon mo yo.

Mwen—————————-yo
Ou——————————–tú oubyen (usted)
Li———————————él (ella si se fi)
Nou——————————-nosotros (nosotras)
Ou (anpil moun) —————vosotros (vosotras) oubyen (ustedes)
Yo——————————–ellos (ellas)

Mo sa yo se pwonon pèsonèl yo ye. Yo rele yo sijè tou. Yo mache ak vèb nan yon fraz.
———————————————————–
Papa——————————padre
Manman————————-madre
Fwè——————————-hermano
Sè———————————hermana
Kouzin—————————prima
Tonton—————————tío
Matant—————————tía
Neve—————————–sobrino
Niès——————————sobrina

Mo sa yo repwezante non manm nan yon fanmi
———————————————————–
Se——————————–ser
Genyen————————–tener
Santi—————————–sentirse, estar

Mo sa yo se vèb yo ye. Yo se nannan yon fraz. San yon vèb, yon fraz pa gen sans
———————————————————–
Malad—————————-enfermo(a)
Fatige—————————-cansado(a)
Byen—————————–bien
Tris——————————triste
Ere——————————-feliz

Mo sa yo se adjektif ke yo rele yo.

Le nou idantifye mo sa yo ke nou gen nan lis la, nou jwenn : pwonon, non, vèb, adjektif.
Tout lang kreye a pati de mo ke yo met ansanm pou fè fraz. Yon mo poukont li pa gen anpil sans. Sepandan, lè ou mete plizyè mo ansanm, li ka vle di yon pakèt bagay. Le yon moun li saw ekri a li kap wè klèman saw vle di.

Fè yon ti pwatik!!!
Kounye a mwen vlew fè fraz ak mo kew te jwenn sa yo vle di yo nan lòt lang nan.

Pa egzanp : papam malad (Mi padre está enfermo)

Genyen mo ke yo sèvi ak yo pou poze kesyon. Mo sa yo enpòtan anpil pou konnen lèw fenk ap apwann yon lang. sa pèmèt ou fè sa yo rele yon dialog imajinè sanke ou poko antre o pwofon lang nan. Ou kap poze tèt ou kesyon epi ou reponn tèt ou kesyon an poukont ou. Se bèl plezi, ou pa fou non.
Kiyès——————Quien oubyen (Quienes) lè se plizyè
Kisa——————-Qué oubyen (Cuál)
Kòman—————-Cómo
Kijan——————Cómo
Kibò——————-Dónde
Kilè——————–Cuándo
Poukisa—————-Por qué

Nan lis la nap ajoute mo sa yo tou
Manje—————–comer
Bwè——————-beber
Dòmi——————dormir
Renmen—————amar
Pale——————–hablar
Rele——————-llamar
Rele——————-gritar
————————————————————————-
Diri——————–arroz
Mayi——————maíz
Vyann—————-carne
Ji———————–jugo
Dlo——————–agua
Manje—————–comida
Nourriti—————comida
Zoranj—————–naranja
Pòm——————-manzana
Seriz——————cerezas
Zabrico—————albaricoque.

Lè nou idantifye dènye lis saa nou wè ke li diferan de premye lis ke nou te genyen an. Li pa gen ni (pwonon) ni (adjektif). Fwa sa anko li genyen (vèb ak non). San yon vèb nan yon fraz, fraz saa pa konplè.

Fè yon ti pwatik!!!
Mwen vle ke ou fè fraz ak mo sa yo ou fenk apwann la.
Pa egzanp: kisa sèm nan bwe? ¿Qué bebe mi hermana?

Li lè poum pale ou de “gramè”. Gramè se yon seri de règleman ke yon moun dwe swiv si ou vle pale oubyen ekri yon lang korèkteman. Chak mo gen idantite pal. Règleman sa yo pèmèt nou konnen kilè e kòman poun itilize yon mo. Nou genyen sa yo rele atik, pwonon, non, vèb, pwepozisyon, adjektif, advèb, etc…. Menm mo sa yo kapab divize nan lòt kategori. Pa egzanp ou gen atik defini epi ou gen atik endefini.

Kom atik defini nou kapab genyen mo saa : la tankou nan (nèg la) (el) hombre)
Kom atik endefini nou kapab genyen mo saa : yon tankou nan (yon fanm) (una) mujer)

Ou genyen pwonon: pèsonèl, demonstratif, posesif, endefini

Ou genyen non : non prop ak non komen (Paul se yon non prop, kay se yon non komen)

Ou genyen adjektif : bon, move, bèl, lèd, lan, rapid, bèbè, ekstravagan, etc…

Ou genyen advèb : tou dousman, ak vitès, ak intelijans, anpil etc…

Pa bliye ke mwen pap janm ka montrew tout sa ki gen nan yon lang, Efò pèsonèl ou enpòtan anpil, Sa ke mwen ka montrew plis se kòman pouw etabli yon baz epi devlope yon estrateji pouw ka metrize kèlke swa lang nan. Pouw arive fè travay saa, fòk ou se yon moun ki renmen li oubyen fòk ou kreye tan pouw fè lekti. Bòn chans

Ou sonje premye lis mo nou te genyen an li te gen sa yo rele (vèb) ladann. Vèb la se yon mo ki enpòtan anpil nan yon fraz. Nou te gen de vèb sa yo : se ak genyen. Nan koze vèb genyen sa yo rele (konjigezon). Konjigezon an se le veb la pwan plizyè fòm sivan janw gen pouw itilizel. Pa egzanp ou kap konjige vèb se konsa nan tan prezan

Mwen se Ayisyen————————— Yo soy Haitiano
Ou se Ayisyen——————————- Tú éres Haitiano
Li se Ayisyen——————————– El es Haitiano oubyen Ella es haitiana pou fi
Nou se Ayisyen—————————— Nosotros somos Haitianos
Ou se (plizyè moun) Ayisyen————– Vosotros sois Haitianos
Yo se Ayisyen—————————— Ellos son Haitianos

Konsa nou kapab wè ke yon sèl mo se ya ke nou itilize nan lang pa nou an, li chanje fòm sivan ou di mwen se oubyen li se

Mo pou ou apwann :
Elo—————————–¡halo!
Bonjou————————buenos días
Bon apwèmidi—————buenas tardes
Bon nwuit——————–buenas noches
Mesye————————señor (señores)
Madam———————–señora
Madmwazèl——————señorita
Wi—————————–si
Non—————————¡no!

Konvèsasyon:
Maria ak Piè ki rankontre, yap fè konesans
Maria____Buenos días————————————–Bonjou
Piè______Buenos días, mi nombre es Piè—————-Bonjou, non pam se Piè
Maria___ Yo soy Maria, es un placer———————Mwen se Maria, se yon plezi

Nou te deja wè vèb se, kounyea nou pwal wè vèb genyen.

Mwen genyen—————–Yo tengo
Ou genyen———————Tú tienes
Li genyen———————-El (Ella) tiene
Nou genyen——————–Nosotros tenemos
Ou (plizyè moun) genyen—Vosotros tenéis
Yo genyen———————-Ellos (Ellas) tienen

Mo pou ou apwann
Chen———————————–perro
Chat———————————–gato
Chwal———————————caballo
Poul———————————–gallina
Lapin———————————-conejo
Byen———————————–bien
Mèsi———————————–gracias
Sèlman——————————–solamente

Konvèsasyion

Maria___ ¡Ola! Piè—————–alo Piè
Piè_____ Que tal Maria?———-kòman ou ye Maria
Maria___ Bien, gracias————byen mèsi
Piè_____ Tengo dos perros, y tú?——————–mwen gen de chen e ou menm?
Maria___ Tengo uno solamente———————-mwen gen youn selman
Piè______¿Eres dominicana?————————-ou se dominikèn?
Maria____No, yo soy boliviana, y tú?—————non, mwen se bolivyèn, e ou menm?
Piè______Yo soy haitiano—————————–mwen se ayisyen

Atansyon Atansyon
Mwen ta renmen ou reli konvèsasyon an pou ou remake yon bagay. Ki sa ou remake ?
Nan lang panyòl, kontrèman a yon seri de lot lang, moun yo pa renmen sèvi ak sijè devan vèb yo lè yap pale. Pa egzanp nou wè Piè di : Tengo dos perros, li pa mete Yo a devan tengo poul di yo tengo. Menm si li te di yo tengo, li pa tap yon erè nonplis.

Anchènman
Kisa ki anchènman ? nou toujou di panyòl yo pale rapid. Sak fè nou wè sa, se paske lè mo yo ap soti nan bouch yo, yo kole mo youn ak lot. Konsa nou gen difikilte pou nou konpwann yo. Men an realite, mo yo separe. Genyen sa yo rele silab nan langay. Sa yo rele silab se yon son ki soti nan bouch ou le wap pale. Pa egzanp papa genyen de silab pa-pa, pòtoprens genyen twa silab pò-to-prens. Si lè moun nan ap pale pawòl yo soti vit, ou gen enpwesyon ke moun nan vale mo yo e sa metew an difikilte. Yon egzanp anchènman se lè yon mo ki komanse pa yon vwayèl sib yon mo ki fini pa yon konsòn. Pa egzanp: (Vamos al aula) li sonnen tankou yon sèl mo lè ou dil vit.

Men wit règleman ki kontwole kòman ou idantifie oubyen fè separasyon silab.

1. Yon sèl konsòn (ch, ll, rr ladanl tou) ki pwononse tankou nan egzanp sa yo an silab : mu-cha-cho, ce-bo-lla, ca-be-za, gue-rra.
2. Lèw genyen ansanm de konsòn nan mitan vwayèl. Nòmalman yo separe yo konsa: car-ta, tar-de, cin-co, mar-tes
3. Sepandan separasyon konn enposib si dezyem konsòn nan se yon l oubyen yon r tankou nan li-bro, ta-bla, pueblo.
4. Lè twa oubyen plis konsòn ansanm nan mitan vwayèl, nòmalman dènye konsòn nan konn al jwenn vwayèl ki vin apwe a (amwen ke se lèt l oubyen r) tankou nan cons-tan-te, ins-ti-gar, in-glés.
5. Diftong ak twiftong pa separe tankou nan i-gual, oi-go, ca-yen-do, Pa-ra-guay, con-ti-nuéis.
6. Lè de vwayèl fò ansanm nan yon mo, yo separe an plizyè silab tankou nan cre-er, em-ple-an, re-al-men-te, le-o.
7. Li genyen separasyon lè yon vwayèl fèb ki gen yon aksan sou li plase devan oubyen dèyè yon vwayèl fò tankou nan co-mí-an, tí-a, grú-a.
8. Lèt y la, pafwa yo konsiderel tankou yon konsòn lè li genyen yon vwayèl ki swiv li. Lè saa li rete kole ak vwayèl la lè mo a divize tankou nan a-yu-na, a-yer, a-yu-da-mos.

Fè yon ti pwatik !!!
Li mo sa yo byen fò korèkteman pandan ke wap separe yo an silab

Bolivia———- Paraguay———- palabra
tío————– miércoles——— consonante
hablar———– enviáis———– Uruguay
construcción—– carro————- sábado
escribir——— extraño———– interesante

Aksantyasyon
Kisa ki aksantyasyon ? se lè pa egzanp ou leve vwaw pandan wap pwononse yon pati oubyen yon silab nan yon mo. Pafwa se akòz de yon aksan ki genyen sou yon silab nan mo saa. An panyòl li enpotan anpil pou ou konn kilè pouw leve vwaw ou byen peze sou yon mo. Pa egzanp papá (papa) ak papa (pomdetè). Yon pati nan mo ki gen vwayèl ak aksan tankou (a, e, i, o, u) pwononse pi fò epi yo peze plis sou silab sa yo.

Genyen twa règleman ki kontwole fenomèn saa
Pwemyèman si pa gen aksan nan mo a, dènye silab nan mo a pwononse pi fò. (español)
Dezyèmman si mo a fini pa yon vwayèl a, e, i, o, u, oubyen n oubyen s se anvan dènye silab la ki pwononse pi fò (importante)
Twazyèmman yon aksan ki ekri vle di oubyen yon eksepsyon nan règleman nou sot wè yo oubyen pou fè diferans ant de mo ki ekri menm jan men ki vle di de bagay diferan.
Pa egzamp mo saa: interés fini ak s ebyen li ta dwe swiv dezyèm règleman, men paske li gen aksan endike li se yon eksepsyon nan règleman an.
Si lèw ap ekri ou pa mete yon aksan kote li dwe ye, se yon erè kel ye. Yon moun kap li saw ekri a kab gen pwoblèm poul konpwann saw vle di. Alò li enpotan pouw konnen poukisa li la. Se pouw sonje si pa gen aksan, epi mo a pa fini ak lèt sa yo: a, e, i, o, u. n, s, ou leve vwaw sou denye silab nan mo a.

Men yon lis mo panyòl ki gen aksan ladan yo.
Sí—————————(wi) Más——————————-(plis, pi)
Corázon——————-(kè) Bebé——————————(tibebe)
Límon———————(sitwon) Fútbol—————————–(foutbòl)
Alegría——————–(lajwa) Azúcar—————————-(sik)
Jardín———————-(jaden) Médico—————————(doctè)
Número——————-(nimero) Sábado—————————(samdi)

Eseye pwononse mo sa yo. Leve vwa nou nan kote ki gen aksan.

Entonasyon
Entonasyon gen rapò ak ton vwaw lè wap pale: li fè monte desann. Nan lang panyòl, yon fraz nòmal fini ak yon ton desann tankou nan fraz saa (Remi es mi amigo) Li diferan sèlman lè li se yon kesyon ki ekzije yon repons pandan ke li bay de ou plizyè chwa kòm repons pa egzanp (¿Quieres jugo o agua? Ou vle ji oubyen dlo?

Fè yon ti pwatik !!!
Eseye li mo sa yo pi vit ke posib pandan ke wap respekte ton vwaw. Apwe sa gade tradiksyon yo an Kreyol.

¿Cómo se llama usted?——————————————kijanw rele
¿Cuál es su dirección?——————————————-ki kotew rete
¿Cuántos años tiene usted?————————————-ki laj ou
¿Donde está el baño?——————————————–kote twalèt la ye
¿Quien es su amigo?———————————————kiyes ki zanmiw
¿Cuánto cuesta esta cosa?—————————————ki pri bagay saa
¿Cuál es su opiníon?———————————————kisaw panse

Saa se alfabè panyòl la. Lè wap pwononse silab yo, ou kite bouch ouvè tankouw ta vle kite yon ti lè pase nan gòj ou. Se sa (h) la ki dènye lèt nan mo yo diw fè ak bouch ou.

a (ah)———- h (ah-tcheh)———- ñ (eh-nyeh)———- u (ou)
b (beh)——— i (i) ———-o (oh)———- v (veh)
c (seh)———- j (oh-tah)———- p (peh)———- w (doh-bleh-veh)
ch (tcheh)———- k (kah)———- q (kou)———- x (eh-kis)
d (deh)———- l (eh-leh)———- r (eh-reh)———- y (i-gri-eh-gah)
e (eh)———- ll (eh-yeh)———- rr (eh-rreh)———- z (seh-tah)
f (eh-feh)———- m (eh-meh)———- s (eh-seh)
g (heh)———- n (eh-neh)———- t (teh)

Fè yon ti pwatik!!!
Eseye resite alfabè panyòl sanw pa gade.

Men yon seri de ekspwesyon ke ou jwenn souvan. Apwann yo!!!

Elo!—————————————-¡hola!
Bonjou————————————buenos días
Bonswa———————————–buenas noches
Bon apwèmidi—————————buenas tardes
sakapfèt?———————————¿qué pasa?
Kòman ou ye—————————-¿cómo está usted? Oubyen ¿cómo estás tú?
Byen mèsi——————————–bien, gracias
Trè byen———————————-muy bien
E oumenm?——————————¿y tú? Oubyen ¿y usted?
Babay————————————-adiós

Silvouplè———————————por favor
Mèsi anpil——————————–muchas gracias
Deryen————————————de nada
Ekskizem———————————con permiso, disculpe Oubyen perdón
Kijanw rele——————————-¿cómo se llama usted?
Kijanw rele——————————-¿cómo te llamas?
Mwen rele——————————–me llamo…
Mwen vle pwezantew——————-quiero presentarle…..
Mwen kontan rankontrew————–encantado/a de conocerle
Plezi an se pou mwen——————-el gusto es mío
Egalman———————————–igualmente

Nan lang panyòl gen yon fason pouw adrese yon lot moun sivan ke se yon zanmi pwoch ou, oubyen yon timoun ou itilize (tú). Si se yon granmoun oubyen yon moun ou pa abitie ak li ou itilize (usted) pouw ka montre respè ke ou gen pou moun nan.
Fè yon ti pwatik!!!

1. Hola ¿Cómo está usted? _________________________________
2. Bien, gracias _________________________________
3. ¿Qué pasa? _________________________________
4. ¿Cómo se llama usted? _________________________________
5. ¿Cómo está tu madre? _________________________________
6. ¡Felicitaciones! _________________________________
7. ¡Adiós! _________________________________

Mo ke ou dwe konnen pou yon okazyon kelkonk
Byenvini!————————————-¡Bienvenido!
Mèkonpliman!——————————-¡Felicitaciones!
Jwaye zanivèsè!—————————–¡Feliz aniversario!
Bòn fèt—————————————-¡Feliz cumpleaños!
Jwaye nowèl———————————¡Feliz navidad!
Bòn ane—————————————¡Prospero año nuevo!
Bòn fèt (nan fen ane) ———————–¡Felices fiestas)

Mo de ou menm pèsonèlman
Mwen grangou——————————-tengo hambre
Mwern swaf———————————-tengo sed
Mwen cho————————————tengo calor
Mwen fwèt———————————–tengo frío
Mwen gen dòmi—————————–tengo sueño
Mwen tris————————————estoy triste
Mwen kontan——————————–estoy feliz
Mwen fatige ———————————estoy cansado fi se (cansada)
Mwen malad———————————estoy enfermo/a
Mwen gen pwoblèm————————estoy preocupado/a

Mo kew itilize pouw ka pase moun lòd
Nan tout lang genyen de fason pouw adrese a yon lon lòt moun gen yon fason yo rele fòmèl(respektab) e lòt fason an se enfòmèl(zanmitay)
(Fòmèl)———————(Enfòmel)———–kreyòl—————ekzanp fraz

Vaya—————————-Ve——————ale—————–Vaya a Paul
Venga————————–Ven—————–vini—————-Venga a la playa
Abra—————————-Abre—————-louvwi————Abra la puerta
Cierre—————————Cierra————–fèmen————-Cierre la puerta
Prenda————————–Prende————-limen————–Prenda la luz
Apague————————-Apaga————–tiye—————-Apague la radió
Escriba————————-Escribe————-ekri—————-Escriba su nombre
Lea——————————Lee—————–li——————-Lea el papel
Hable—————————Habla—————pale—————-Hable más despacio
Escuche————————Escucha————tande—————Escuche la música
Lè se plizyè moun wap pase lòd, ou sèlman ajoute yon n dèyè vèb la tankou
(Yon moun)—————-kreyòl———–(plizyè moun)————–ekzanp fraz

Diga————————–di—————–Digan—————-Digan hola al professor
Pregunte———————mande————Pregunten———–Pregunten en alemán
Siga————————–swiv (siv)——–Sigan—————–Sigan las instrucciones
Tome————————pwan————–
Escoja———————–chwazi————
Estudie———————-etidye————-
Lleve————————pote—————
Fini ti ekzèsis sa poukont ou

Pouw kontinye nan paj sivan peze sou ——– next

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *