kre-eng1014

Katwiyèm Faz

Vèb
Kòm mwen te di nou depi o kòmansman, vèb enpòtan anpil nan yon lang. Ou paka fè yon fraz nòmal san li pagen yon vèb ladann. Nou ta ka di se yon zouti ke ou dwe konnen kòman pouw sèvi avèl pouw ka metwize kèlkeswa lang nan. Ou wè jan tout lòt pati nan yon fraz ke nou wè deja yo, jan yo varye. Ebyen vèb yo varye plis toujou. Nou genyen 2 tip de vèb. Youn ekspwime aksyon epi lòt la ekspwime eta. Ann gade ekzanp sa yo:
I watch television———-Aksyon————–mwen gade televizyon
He plays volleyball——–Aksyon————–li jwe volebòl
Martine is sick————–Eta——————-Martine malad
Robert seems kind———Eta——————–Robert sanble li janti

Fòm de baz yon vèb rele enfinitif. Si wap chache yon vèb nan yon diksyonè, se sou fòm enfinitif la pou chachel. Sepandan, abityèlman se sou lòt fòm kew kontwe ak vèb, nan sa yo rele konjigezon an fonksyon de saw vle ekspwime a: si nap pale de kounyea (pwezan), de yon bagay ki fèt deja (pase), oubyen de yon bagay ki gen poul fèt (fiti). Nan lang kreyol la, abityèlman nou mete (te) devan yon vèb pou nou ka ekspwime sak (pase) deja epi nou mete (pwal) devan yon vèb pou nou ka ekspwime (fiti) sètadi sak poko fèt. An angle li menm gendefwa se jan vèb la ekri a menm ki gen chanjman e gendefwa tou se yon mo sèlman kew met devan vèb pouw ka chanje de yon tan a yon lòt tan menm jan ak kreyòl la.

Nan anpil lang, lè yap pale de konjigezon vèb, ou jwenn de jan de vèb: vèb regilye ak vèb iregilye. Yon vèb regilye se yon vèb ki swiv tout règleman ki etabli e vèb iregilye yo se sa yo ki pa swiv règleman yo. Li enpòtan pouw apwann ni sa ki regilye yo ni sa ki pa regilye yo. Lap pi fasil pouw sonje sa ki regilye yo epi wap gen pouw fè plis efò pouw sonje kòman yo konjige sa ki iregilye yo
Vèb regilye yo genyen chanjman ki fèt menm kote a ladan yo tandiske pou vèb iregilye yo, chanjman yo varye anpil anpil. Vèb iregilye yo pa siv okenn règleman.
Pou vèb ki regilye yo, depiw konnen kòman yo ekri nan enfinitif la ou sèlman konnen pouw ajoute nan rasin mo yo « ed » pouw fòme tan pase senp epi menm bagay la pou fòme tan pase konpoze ak tout lòt tan pase yo.
Ou gen kòm ekzanp: vèb to work, to play ak to watch
Fòm pwezan————–Fòm pase senp————————-Patisip pase
Work—————————worked——————————-worked
Play—————————–played——————————–played
Watch————————–watched——————————watched

Pou vèb iregilye yo menm ou bezwen sonje kòman yo varye pouw ka pa fè erè lèw ap itilize yo. Ou gen kòm ekzanp: vèb to sing, to get ak to go
Fòm pwezan————–Fòm pase senp————————-Patisip pase
Sing——————————–sang———————————sung
Get———————————-got———————————gotten (got)
Go———————————-went———————————gone

Vèb regilye
Nou genyen vèb regilye saa « to work » ki vle di travay. Li pwan fòm sa yo: work, works, worked, worked, working.
I work——————-mwen travay______pwemyè pèson sengilye tan endikatif prezan
He works—————–li travay_______twazyèm pèson sengilye tan endikatif prezan
You worked————ou te travay_____dezyèm pèson sengilye oubyen pliryèl tan pase senp
You have worked——ou te travay______d. p. s. pase konpoze (pafè) patisip pase
Working—————–an travayan______patisip prezan

Vèb iregilye
Nou genyen vèb iregilye saa “to sing” ki vle di chante. Li pwan fòm sa yo: sing, sings, sang, sung, singing.
I sing——————mwen chante_____ pwemyè pèson sengilye tan endikatif prezan
He sings————–li chante_________ twazyèm pèson sengilye tan endikatif prezan
You sang————-ou te chante______ dezyèm pèson sengilye tan pase senp
You have sung——ou te chante______ d. p. s. pase konpoze (pafè) patisip pase
Singing—————an chantan_______ patisip prezan

Men plizyè klas vèb kew jwenn:
1.Vèb transitif ki mache ak yon O.D. (objè dirèk) sètadi ki reponn a kesyon kisa tankou vèb (to eat) nan egzanp sa: Paulo eats the fruits————–Paulo manje fwi yo
2.Vèb entransitif ki nòmalman pa mache ak O.D. tankou vèb (to run) nan egzanp saa: I will run tomorrow morning—————-Mwen pral kouri demen maten.
3.Vèb anchènman ki konekte sijè ak pweske tout bagay tankou vèb (to have)
4.Vèb oksilyè ki jwe menm wòl vèb anchènman tankou vèb (to do)
5.Vèb enpèsonel ke ou jwenn nan fraz enperatif.

Kòm nou wèl deja nan konjigezon yon vèb, nou genyen twa pèson sengilye epi twa pèson pliryèl ki oubyen ap fè yon aksyon (aktif) oubyen nan yon eta (pasif).
Twa pèson sengilye yo se:
I ——————(mwen)—————-pwemyè pèson
You—————(ou)——————-dezyèm pèson
He (she) (it)——(li)——————–twazyèm pèson

Twa pèson pliryèl yo se:
We—————(nou)——————pwemyè pèson
You————–(ou)——————-dezyèm pèson
They————-(yo)——————-twazyèm pèson

Vèb regilye (Endikatif pwezan)
Nap kòmanse kesyon konjigezon an ak tan pwezan senp. Tan pwezan senp la, ou itilize lèw vle pale de kounyea oubyen yon bagay ki fèt regilyèman. Pa egzanp:
Martin works a lot (today)———Martin twavay anpil (jodia)
To work se yon vèb regilye. Men kòman yo konjigel nan tan pwezan senp (Endikatif):
[I work]——————–pwemyè pèson sengilye
[You work]—————-dezyèm pèson sengilye
[He works]—————–twazyèm pèson sengilye
[We work]—————–pwemyè pèson pliryèl
[You work]—————dezyèm pèson pliryèl
[They work]—————twazyèm pèson pliryèl

Sèl chanjam ki gen nan konjigezon vèb regilye yo nan tan prezan fèt nan twazyèm pèson sengilye a. Nou wè ke fen mo (vèb) la gen yon “s” ke yo ajoute ladann tankou nan “works”. Genyen yon seri de mo ki pwan “es” nan fen yo tankou nan to fix, “fixes” oubyen to watch “watches”.

Pou nou di Martin pa twavay anpil jodia, nou di li konsa.
Martinez does not work a lot (today)———Martin pa twavay anpil (jodia)

Pou nou mande si Martin twavay anpil jodia, nou gen de fason nou ka fè sa:
Does Martin work a lot (today)?
Martin works a lot (today)? Nan fason saa se ton vwa nou ki fè konnen se yon kesyon nou poze.

Fè yon ti pwatik !!!
Konjige vèb sa yo nan tan endikatif pwezan senp:
To watch————gade
To talk—————pale
To look————–gade
To fix—————-ranje

Fè kèlke fraz ak mo vokabilè ki gen rapò ak tan
I work ……everyday
___________ sometimes
___________every morning
___________every night

Ekri vèb sa yo korèkteman (endikatif pwezan) dapwe sa ou apwann nan konjigezon
The lady (to sell) clothes.
I (to be) not sick.
You (to need) two dollars.
She (to ask) a question
.

Vèb iregilye (Endikatif pwezan)
Nou sot wè vèb regilye. Ou mèt kòmanse ranje kòw pouw apwann vèb iregilye yo. Pou endikatif prezan vèb iregilye se menm etap yo nou siv. Nou pwan ekzanp vèb chante [to sing] men kòman yo konjigel:
[I sing]—————mwen chante
[You sing]———-ou chante
[He sings]———–li chante
[We sing]———–nou chante
[You sing]———-ou chante (anpil moun)
[They sing]———yo chante

Tan pase (preterit) [past tense]
Nou sot twavay sou tan pwezan, kounyea nou pwal wè tan pase. Nap wè kouman yon seri vèb konjige lèw vle ekspwime yon bagay ki pase. Ou kapab itilize pase senp oubyen pase konpoze. Sonje kem di nou mete « te » devan veb la pou ekspwime sak pase dejaa.

Preterit vèb regilye
Preterit la ekspwime yon bagay ki pase. Ou jwenn fòm pase saa pi souvan.
Men kòman yo konjige vèb [to work] nan tan pase senp:
[I worked]——————-mwen te travay
[You worked]————–ou te travay
[He worked]—————-li te travay
[We worked]—————nou te travay
[You worked]————–ou te travay
[They worked]————-yo te travay

Ou gendwa mande Jak sil te pale ak Remy konsa.
Jack, did you talk to Remy?
Devine kijan Remi reponn li.
Yes, ______ to him

Fè yon ti pwatik !!!
Chanje fraz sa yo de tan pwezan a tan pase [preterit]
They live here_________________they lived here
Roberto drinks coffee___________
What do you study_____________
I understand the problem_________
Juan talks about his dad__________
I sleep well____________________

Tan Fiti [future tense]
Nou fini ak tan pase senp la. Kounyea nap atake tan fiti. Nou konnen ke fiti a se pou yon bagay ki gen poul fèt. Nan lang pa nou, pou nou ekspwime fiti, nou sèlman mete pwal, va devan vèb la. An angle nou sèlman mete « will » devan vèb la sou fòm enfinitif.

Men kouman yo konjige vèb [to talk] nan tan fiti:
[I will talk]—————mwen va pale, ma pale, (pwal)
[You will talk]———-ou va pale, wa pale
[He will talk]————li va pale, la pale
[We will talk]———–nou va pale, na pale
[You will talk]———-ou va pale, wa pale
[They will talk]———yo va pale, ya pale

Men kèk ekzanp:
Ma vin wèw demen——————–[I will come to see you tomorrow.]
Mwen pwal nan fèt la pita————[I will go the party later.]
Mva vwayaje lòt semen—————[I will travel next week.]

Yon lòt fason ki pi fasil pouw ekspwime fiti an angle, se lèw itilize vèb (to go) + (infinitif) tankou nan: [They are going to give him a second chance]———yo va ba li yon dezyèm chans. Olye de: [they will give him a second chance.]

Atansyon! Atansyon! Atansyon!
Pafwa fòk ou pa sezi tande moun itilize pwezan pou fiti tou. Tankou ou gendwa tande moun nan di: [I am coming next Sunday], olye de, I will come Sunday ki vle di lap vini dimanch

Fè yon ti pwatik !!!
Chanje tan vèb ki nan fraz yo de pase a fiti:
They ate everything___________________They will eat everything.
Maria had an apartment________________
I spoke English_______________________
He was coming everyday_______________

Atansyon! Atansyon! Atansyon!
Nou wè ke pou fòme tan fiti a, yo sèlman mete will devan vèb la sou fòm enfinitif. Gendefwa yo pa menm pwononse oubyen ekri tout mo “will” la. Yo pwononse de « ll » ki nan fen mo a sèlman. Kòm ekzanp nou genyen:
Mwen pwale legliz demen—————–I’ll go to church tomorrow.
Wa fè menm bagay la pita—————–You’ll do the same thing later.
La (li va) rele Tipiè vè 6 è—————–He’ll call Tipiè around 6 o’clock

Tan kondisyonèl [conditional tense]
Yo itilize tan kondisyonèl pou ekspwime sak ta ka pase (yon sipozisyon). An jeneral li fè alizyon a fiti pa rapò ak pase. Pafwa yo itilizel pou ekspwime yon bagay ki pwobab (kew pa fin si). Pou fòme tan kondisyonèl la yo mete « would » oubyen « should » devan vèb la sou fòm enfinitif. An nou gade egzanp saa: Roberto told me that he would bring me the money——-Roberto te dim ke li tap pote kòb la pou mwen. Yon lòt egzanp: Would he get a diploma within two years?———oukwè lap (li va) pwan yon diplòm nan de zan? Pafwa yo itilize tan kondisyonèl kòm yon fòm koutwazi tou. Tankou nan fraz saa: Would you help me?—–ou ka edem?

Men kouman yo konjige vèb “to talk” nan tan kondisyonèl:
[I would talk]—————-mwen ta(p) pale, mwen te ka pale
[You would talk]
[He (she) would talk]
[We would talk]
[You would talk]
[They would talk]

ekzanp: Iwould talk if they asked me to————Mwen te ka pale si yo te mandem
Should I go with them?——————-oukwèm ta ale ak yo?

Menm jan nou te wè pou itilizasyon “will” pou tan fiti a kote yo sèvi ak “’ll” sèlman an, se konsa pou “would ak should” ou jwenn yo itilize “’d” sèlman nan tan kondisyonèl la. Yo rele sa fòm kontrakte mo a.

Tan pwogwesif
Tan pwogwesif se yon tan ke yo itilize pou ekspwime yon bagay kap kontinye, keseswa yon aksyon oubyen yon eta. Yo fòmel ak sa yo rele yon patisip pwezan epi yon lòt vèb. Patisip pwezan se lè yo ajoute -ing nan fen vèb la tankou speak + ing —-speaking, write + ing—–writing, do + ing——–doing
Tan pwogwesif la mache ak vèb « to be ». Vèb ki swiv “to be” pwan fòm ke yo rele patisip pwezan. Men kèlke egzanp kouman yo itilize fòm pwogwesif la.
[I am speaking]—————map pale (pwezan)
[We were eating]——–nou tap manje (pase)
[I will be resting]———-mwen va repozem (fiti)
Souvan yo itilize tan pwogwesif lè gen de aksyon kap fèt an menm tan. Tankou nan:
I was writing when the professor called me.——mwen tap ekri lè pwofesè a relem. Fason ke nou ka trade patisip pwezan se konsa:
speaking————an palan
eating—————an manjan
leaving————-an sòtan
reading————-an lizan
running ————an kouwan
resting————–an repozan

Fè yon ti pwatik!!!
Chanje enfinitif sa yo an patisip pwezan
To begin _____________
To write _______________
To hunt ________________
To mention ____________
To read _________________
To sleep _______________
To be________________

Tradi fraz sa yo an itilizan tan pwogwesif:
Yo va rive_______________they will be arriving
Map pale________________
Mwen tap danse__________
Map gade TV____________
Paul tap kouri____________
Nou va ekri_____________

Repase tout sa kew apwann de twa tan pwensipal sa yo nan konjigezon vèb (pwezan, pase, fiti) anvan nou kontinye pou pi devan nan senkyèm faz.

Pouw kontinye sou paj sivan peze sou——-next

Pouw fè bak:
Entwodiksyon
pwemyè faz
Dezyèm faz
Twazyèm faz