kre-eng1012

Dezyèm Faz
Nan premye faz la nou te yon tijan tout pasipala, kounyea nap kòmanse konsantre nou sou yon seri de seksyon kap mennen nou kote nou vle rive a kise pale angle a korèkteman.

Gramè

Itilizasyon vèb: to be (se), to have (genyen)

Yon ti revizyon sou jan yo konjige nan tan endikatif prezan vèb to be (se):
I am————————–mwen se
You are———————-ou se
He is————————-li se
We are———————–nou se
You are———————ou se (plizyè)
They are——————–yo se

Men kèlke ekzanp kouman yo itilize vèb to be (se) kote li ekspwime yon santiman men yo pa itilize mo (se) a nan kreyòl la.
I am happy——–mwen kontan
You are sick——-ou malad
We are hot———nou cho oubyen nou santi chalè
Kisa ou remake? Nan fason sa yo ke nou itilize vèb “to be” a, nou pa tradil pa se tankou avan. Nou pa di « mwen se malad »

Pou vèb « to have » genyen, konjigezon an (nan tan endikatif pwezan) se
I have ——————mwen genyen
You have ————-ou genyen
He (she) has ———-li genyen
We have —————nou genyen
You have ————–ou genyen (plizyè)
They have ————-yo genyen

Yo rele vèb “to have” vèb oxiliè, sètadi yon vèb ki mache ansanm ak yon lòt kolekole nan yon fraz poul ka ede li.

Men kelke egzanp kòman ou itilize vèb to have.
[I have two dollars]——————mwen genyen 2 dola
[I have three friends]—————-mwen gen 3 zanmi
[I have a headache]——————mwen gon tètfèmal

Fè yon ti pwatik!!!
Eseye tradi fraz sa yo dapwe saw apwann deja
Mwen genyen yon frè, yon sè.
Mwen se mizisyen
Mwen se Aysyen
Fraz [Sentence]
Yon fraz se yon gwoup mo ki ekspwime yon ide konplè. Gen plizyè jan de fraz:

1. Deklaratif kote ou fè yon declarasyon (I have a pen) mwen gen yon crayon
2. Enterogatif kote ou paze yon kesyon (Where is my pencil?) kote kreyonm nan?
3. Enperatif kote ou pase yon lòd (Open the door!) louvwi pòt la!

Atansyon Atansyon
On fraz kote ou poze yon kesyon toujou fini pa siy saa (?)
On fraz kote ou pase yon lòd toujou fini pa siy saa (!)
On fraz kote ou sezi (eksklamasyon) toujou fini pa siy saa (!) My God!

Vokabilè Vokabilè
Panse——————— to think
Viv———————– to live
Vle———————– to want
Malad——————- sick
Byen——————— fine, well
Ji————————- juice
Dlo———————– water
Biè———————– beer
Kontan—————— happy
Fache——————- mad
Tris———————- sad
Cho (anpil)————- hot
Cho (toupiti)———– warm
Frèt———————- cold

Nòmalman yon fraz genyen yon sijè (sijè a endike kiyès kap fè aksyon an) epi yon vèb (vèb la endike kisa sijè a fè) pa egzanp (the man speaks) nègla pale
Man se sijèa epi speaks se vèb la. Pafwa yon fraz konn gen anpil lòt eleman ke nou gen poun wè pi devan.
Yon lòt egzanp: (the man speaks to the woman) nègla pale ak fi a. Pafwa ou ka wèl ekri konsa tou: (to the woman speaks the man) kote yo vire jan li ekri a men li toujou vle di menm bagay la,

Fè yon ti pwatik !!!
Eksplike epi ekri de egzanp:
Fraz deklaratif_____________________________________
Fraz enterogatif____________________________________
Fraz enperatif_____________________________________
Sijè nan yon fraz___________________________________
Vèb nan yon fraz___________________________________

Atansyon Atansyon
Sijè a pa oblije yon moun ni yon bèt, li gendwa yon bagay tou oubyen yon gwoup mo ansanm tankou nan egzanp sa yo:
[The table is dirty]———-tab la sal
[It is mine]——————–se pou mwen
[It is very hot]—————-li fè cho anpil
[Our third wedding anniversary is today]————twazyèm anivèsè mariaj nou se jodia

Fraz afimatif [affirmative] ak fraz negatif [negative]

Pouw fè yon fraz ki afimatif tounen negatif, ou mete not dèyè vèb la pa egzanp:
The food is cold (afimatif)————————the food is not cold (negatif)
My cousin is beautiful (afimatif)—————–my cousin is not beautiful (negatif)

Yon lòt fason ke yo chanje yon fraz de afimatif a negatif, se lè yo itilize vèb « to do » kòm vèb oxilyè nan fòm negatif: do not, does not oubyen did not etc…, ke yo plase devan vèb la lè saa. Men kèk ekzanp:
I want an apple (afimatif)————————I do not want an apple (negatif)
The lady thinks so (afimatif)——————–the lady does not think so (negatif)
My father came yesterday (afimatif)———my father did not come yesterday (negatif)

Vèb “to do” saa ki se yon vèb oksilyè tou, li fè anpil travay lè wap konstwi fraz negative ak lè wap poze kesyon. Lè wap itilizel nan twazyèm pèson sengilye li tounen “does”.
An reyalite “to do” se vèb “fè” li ye. Men lè yo itilizel kòm oksilyè a li pa vle di “fè”. Se menm jan pou vèb “to have” ki vle di “genyen”. Men lèw itilizel kòm oksilyè, li pa vle di “genyen”. Li sèlman la poul ede lòt vèb ke lap mache avèl la.

Fraz enterogatif [interrogative sentence]
Kesyon [questions]
Mwen kapab pozew kesyon nan fason sa yo. Nan kesyon, vèb yo toujou nan tèt fraz yo.

Nan tan pwezan:
Are you?————— èske ou se………………….
Do you?—————- èske ou…………………….
Does he?————— èske li……………………..
Have you?————- èske ou…………………….
Has she?————— èske li………………………
Can you?————– èske ou……………………..

Nan tan pase:
Were you?———— èske ou te…………………..
Did you?————– èske ou te…………………..
Did she?————— èske ou te…………………..
Had you?————– èske ou te…………………..
Had he?————— èske ou te……………………

Nan tan fiti:
Will you?————- èske ou pwal………………….
Shall you?———— èske ou pwal………………..
Will he?————— èske li pwal…………………

Nan tan kondisyonel:
Would you?———– èske ou ta………………….
Would he?————- èske li ta…………………
Could you?———— èske ou ta ka…………………
Could he?————– èske li ta ka…………………..

Nan tout fòm sa yo ke mwen detaye baw laa, apa de lèw itilize oksilyè TO BE ak TO HAVE, vèb ki siv oubyen vini apwe nan fraz la toujou sou ekri sou fòm enfinitif.
Men kèk ekzanp:
[Did you go to the movies last night?]——————èskew tale nan sinema yèswa?
[Do you want to eat now?]——————————–ou vle manje kounyea?
[Have you bought the ticket for me?]——————-èskew te achte tikè a pou mwen?
[Will you buy my food today?]————————–èske wap achte manjem nan jodia?

Fè yon ti pwatik!!!

Fè fraz sa yo tounen kesyon:
I live in Miami———————————————–
You are sick————————————————–
Juan wants juice———————————————
Antonio is my friend—————————————-
I bought two tickets to the game—————————
I will share the room with my friend———————-
I was in Africa last month———————————-

Pwopozisyon [Clause]
Pwopozisyon se yon lòt non ke yo bay fraz. Se yon gwoup mo ansanm ki genyen sijè ak yon vèb ki fèl. Ou genyen pwopozisyon pwensipal ak pwopozisyon sibòdone. Pwopozisyon pwensipal la gen yon pi gwo enpòtans tandiske pwopozisyon sibódone a depann de pwopozisyon pwensipal la nan yon fraz konplike
Pwopozisyon pwensipal—————————————–Pwopozisyon sibòdone
Sijè pwens.—-vèb pwens.———————————sjiè sib.——–vèb sib.
Antonia——– works——————because———— she———–needs money
Antonia———travay——————paske—————-li————bezwen lajan

Men yon lòt egzanp kote pwopozisyon sibòdone plase anvan nan fraz la
Pwopozisyon sibódone————————————– Pwopozisyon pwensipal
If I feel well—————————————————-I am going to the party
Si mwen santim bien——————————————mwen pwal nan fèt la

Men yon lis konjonksyon ki dòdinè intwodi yon pwopozisyon sibòdone:
After, as, although, before, how, if, once, since, that, though, till, until, when, where, whether, while. Pami yo tout, “that” se youn ke yo plis itilize.

Genyen sa yo rele pwopozisyon endepandan tou, li se yon fraz senp tankou sa yo
Pwopozisyon endepandan——————————-Pwopozisyon endependan
I am going to the party———————–and——————–danse
Map al nan fèt la——————————-epi——————map danse
Nou gen de pwopozisyon endepandan ki konekte ak mo (and) la.

Kontrèman a yon pwopozisyon depandan, yon pwopozisyon endepandan kapab rete poukòl oubyen tache nan yon lòt pwopozisyon indepandan kòm nou wèl nan egzanp la.

Fè yon ti pwatik !!!
Ekri de fraz pou chak ka yo: pwopozisyon pwensipal, pwopozisyon sibòdone ou depandan ak pwopozisyon endependan.

Konpleman objè dirèk O.D. ak konpleman objè endirèk O.E.
Nan yon fraz vèb la kapab genyen yon mo oubyen gwoup mo ki swiv li ke yo rele konpleman objè.
Konpleman objè a gendwa yon non, yon pwonon, oubyen yon gwoup mo ansanm. Genyen vèb tankou to be (se) an kreyòl, li pa mache ak konpleman objè. Genyen vèb tankou to speak (pale), to wash (lave) ki mache ak konpleman objè. Gade ekzanp sa yo:
Roberto———————————–washes————————————–his car
Natalie————————————–buys————————————-two books
Sijè—————————————–vèb————————-konpleman objè dirèk

Lè ou poze kesyon Roberto lave kisa e ou jwenn repons la se machin li ou genyen yon konpleman objè dirèk. Lè repons ou jwenn nan pa mache ak kesyon kisa ou pa genyen yon konpleman objè dirèk.

Georges———————————-gave——————————————-Robert
Sijè—————————————-vèb———————–konpleman objè endirèk

Nan ka saa lè ou poze kesyon Gutierrez bay kisa ou pa jwenn repons ki mache ak kesyon an. Sepandan lè ou di Gutierrez bay kiyès, se lè saa ou jwenn yon repons ki favorab.
Ou kapab jwenn nan yon fraz toulède jan de konpleman dirèk ak endirèk.

Fè yon ti pwatik !!!
Jwenn ki konpleman ke fraz sa yo genyen:
I eat the fruits—————————————mwen manje fwi yo
Paul travels with his friend————————Paul vwayaje ak zanmil
He opens the door———————————-li louvwi pòt la
Tonia offers a few apples to her mother——–Tonia ofwi manmanl kèlke pòm
I am going to warm my food———————-mwen pwal chofe manjem nan

Se konsa nou apwann ke gen fraz ki senp e gen fraz ki konplike. Yon fraz ki senp genyen yon sijè ak yon vèb tandiske youn konplike genyen plis ke yon sijè e plis ke yon vèb.

Kisa ou apwann de fraz lè wap pale oubyen ekri panyòl…..
1. Fraz endependan ak fraz depandan
2. Sijè ak vèb
3. Fraz afimatif ak fraz negatif
4. Konpleman objè dirèk ak Konpleman objè endirèk
5. Pwopozisyon pwensipal ak pwopozisyon sibòdone
6. Fraz senp ak fraz konplike.

Sa nou fenk wè laa se fraz an gwo; nou gen poun antre nan plis detay anndan fraz.

Kantite [Quantity] (youn, de,——-sengilye, pliryèl)
Nan kesyon kantite, lè yap pale de yon sèl bagay oubyen yon sèl moun yo rele sa sengilye [singular]. Lè yap pale de plizyè, yo rele sa pliryèl [plural]. Pa egzanp: a dog (sengilye) Two dogs (pliryèl), a man (sengilye) the men (pliryèl).
Abityèlman ou fòme pliryèl nan yon mo lèw ajoute yon “s” nan fen mo a. Sepandan, kòm nou sot wè nan ekzanp la, yo di: one “man” epi two “men”.

Men kèk règleman ki kapab edew nan kesyon sengilyé ak pliryél saa.
1. Gen yon seri mo ki pa chanje ke se swa sengilyé oubyen pliryèl. Mo sa yo wap sèlman genyen pouw memorize yo: fish (pwason) two fish—-sheep (mouton) three sheep.
2. Gen mo ki chanje konplètman de sengilye a pliryèl one person (yon moun)—— two people) de moun, one ox (yon toro)———two oxen (de toro), one child (yon timoun)—– two children (de timoun)
3. Mo ki fini ak yon “y” o sengilye yo chanje “y” la an “i” epi yo ajoute “es”nan fen mo a, one puppy (yon tichen) —–two puppies (de tichen), one fly (yon mouch) — two flies (de mouch), one penny (yon peni)——many pennies (anpil peni).
4. Genyen mo ki fini ak “ife” o sengilye, yo chanje “f” la an “v” epi yo ajoute “s” nan fen mo a, a wife (yon madanm) ——-many wives (plizyè madanm), a knife (yon kouto)—– several knives (plizyè kouto), one life (yon vi) ——-two lives (de vi).
5. Genyen mo ki fini an “ o” o sengilye, yo ajoute “es” o pliryèl, one potato (yon pòmdetè) —— a lot of potatoes ( anpil pòmdetè), one national hero ( yon ero nasyonal) —— two national heroes (de ero nasyonal).
6. Mo ki fini an –z, -x, -s, -ch, -sh o sengilye, yo ajoute « es » nan fen yo o pliryèl, a boss (yon bòs) —— two bosses (de bòs), one dish (yon pla)——-many dishes (plizyè pla), a box (yon bwat)——two boxes (de bwat)
7. Apwe tout ka patikilye sa yo ke nou genyen yo, abitèlman yon mo ki sengilye vin pliryèl lèw ajoute yon s nan dènye silab mo a

Vokabilè Vokabilè
Lekòl —————————– school
Lakay —————————- home
Kay ——————————- house
Manje —————————- food
Vi ——————————– life
Manman ————————- mother
Papa —————————– father
Madanm ———————— wife
Chèz —————————- chair
Kabann ————————- bed

Fè yon ti pwatik !!!
Chanje mo sa yo an pliryèl:
School_______________________
Life _________________________
Food ________________________
Mother ______________________
Boss _________________________
Chair ________________________
Wife _________________________
Porch _________________________
0x ____________________________

Atik [Article]: define [definite] (the) —————- endefini [indefinite] (a, an)

Kwake nou wè anpil egzanp (atik) deja, mwen vle pou ou klè sou li. Nou konnen ke yon atik defini akonpaye yon mo nan yon sans poul ka di li konn mo saa. Lèw di pa egzanp (the day) jou a an kreyol oubyen (the man) nèg la. Se yon jou oubyen yon nèg kew konnen yon bagay de li.

Mete yon atik defini devan mo sa yo epi tradil:
Woman______the woman —————–fanm nan oubyen fanm la
Table ________the table ——————-tab la
Chair ________
Spoon ________
Porte _________
Pencil ________

Atik endefini menm yo itilizel pou ekspwime yon bagay oubyen yon moun ke yo pa idantifye. Pa egzanp lèw di: una mujer (yon fi, yon fanm) ou ankò unos muchachos (plizyè ti gason) ou pap pale de moun ou rekonèt. Yo endefini. Pa egzanp nan fraz saa
Unos muchachos robaron al hombre ——plizyè ti gason volè nèg la
Nan fraz la ou paka idantifye ti gason sa yo.

Men plizyè fòm ke atik endefini an pwan:
a—————–devan yon mo ki kòmanse ak yon konsòn ekzanp [a chair]
an—————-devan yon mo ki kòmanse ak yon vwayèl ekzanp [an apple]

Mete yon atik endefini devan mo sa yo epi tradil:
Pen _________
Apple _______
Fruit ________
Tree ________
Look _______
Associate ____
Insult _______

Adjektif [Adjective]
Pa vwèman gen anpil bagay pou ou apwann de adjektif sinon ke yo mache kolekole ak yon mo. Mo saa gendwa yon non oubyen yon pwonon. Adjektif la dekri mo a, sètadi li bay enfòmasyon sou mo a. li gen diferan tip de adjektif:
1. Adjektif nimerik (en, de, twa) [one, two, three]
2. Adjektif kantite (plis, enpe, tout) [more, some, all]
3. Adjektif kalite (grosè, koulè, sant) [size, colour, smell]
4. Adjektif posesif (pou mwen, pou ou, pou yo) [my, your, their]
5. Adjektif enterogatif (kiyès, poukiyès, kisa) [which, whose, what]
6. Adjektif demonstratif (saa, sa yo) [this, those]

Yo itilize adjektif pou fè konparezon tou. Pa ekzanp ou ka di: « yon nonm ki wo » [a tall man]. Pou ou fè konparezon, ou di: “nonm saa pi wo” [this man is taller], ou wè pouw fè konparezon an, ou ajoute “er” nan adjektif la. Saa se lè ou fè konparezon ant 2 bagay oubyen 2 moun oubyen 2 lide. Men lè ou fè konparezon an nan sans yo rele « sipèlatif » pi wo degre, se « est » ke ou ajoute tankou nan ekzanp saa: « li se nonm ki pi wo nan foul la » [he is the tallest man in the crowd]
Adjektif ————————- konparatif ——————————– sipèlatif
Tall ——————————– taller —————————————the tallest
Big ——————————– bigger ————————————-the biggest
Short —————————— shorter ————————————the shortest
Pou adjektif ki fini an “e”, yo ajoute “r” sèlman pou fòme konparatif la epi yo ajoute « st » pou fòme sipèlatif la. Pa ekzanp:
Large —————————— larger ————————————– the largest
Nice ——————————- nicer —————————————- the nicest
Wise ——————————- wiser ————————————— the wisest
Pa ekzanp nou genyen:
Pwofesè a pi saj pase (ke) elèv la —————- [the teacher is wiser than the student]

Pou adjektif ki fini an “y” yo retire “y” la epi yo ajoute “ier” nan rasin mo a pou fòm konparatif la. Pou sipèlatif la li menm, yo ajoute « iest » nan fen mo a.
Pa ekzanp:
Crazy —————————— crazier ———————————– the craziest
Wealthy ————————— wealthier ——————————– the wealthiest
Lazy ——————————– lazier ————————————- the laziest
Pa ekzanp nou genyen:
Toto pi parese pase (ke) Paul——————————–[Toto is lazier than Paul]
Jack pi fou pase tout ——————————————[Jack is the craziest]

Fòm saa se plis pou mo ki genyen yon sèl silab ou de ladan yo kew itilizel. Pou mo (adjektif) ki genyen plis ke de silab yo, yo akonpaye yo ak mo sa yo (plis, mwens, pi plis, pi piti) [more, less, most, least] pou yo ka etabli konparezon ke yo vle an. Pa ekzanp:

Adjektif —————————- konparatif ——————————— sipèlatif
Interesting———————— more interesting ———————-the most interesting
Precious ————————– more precious ————————-the most precious
Expensive ————————less expensive ————————-the least expensive

Ase souvan lè wap fè konparezon ou toujou gen mo saa « ke » [than] nan fraz ou fè a
Pa ekzanp: ajan mwen chè ke lò———[silver is less expensive than gold]

Gen yon seri de adjektif ki iregilye. Fòm konparatif ak sipèlatif yo pa siv okenn règ an patikilye. Pa ekzanp:
Adjektif —————————- konparatif ——————————— sipèlatif
Good ——————————– better ————————————— the best
Bad ———————————- worse ————————————- the worst

Men kèk ekzanp
Madanm mwen se pi bon fanm ki genyen——–[My wife is the best woman (there is)]
Polo se pi move chantè mkonen——————-[Polo is the worst singer that I know]
Ali meyè ke Richi———————————–[Ali is better than than Richi]

Yon bagay pou nou evite fè se tradi de yon lang a yon lot lang motamo. Se chache konnen pito koman moun yo vire lang yo lè yap di tèl ou tèl bagay.

Fè yon ti pwatik !!!
A pati de vokabilè ou genyen deja, fè kèk fraz kote ou mete an aplikasyon saw fenk apwann de atik ak adjektif apwe ou fin reponn kesyon sa yo.
1. Kisa ki yon atik
2. Konbyen kategori atik ki genyen
3. Kisa ki yon adjektif

Pafwa yo konn itilize (non) kòm adjektif pa egzanp:
I have food for the poor———–mwen gen manje pou pòv yo
This is for the rich———————-saa se pou moun rich yo

Adjektif (konparezon)
Pouw fè konparezon ak adjektif genyen yon seri de tèm kew itlilize
More……………than—————ki vle di——————-plis………….pase (ke)
Less .………… than—————–ki vle di——————-mwens………pase
As …………….as——————-ki vle di——————-osi……………ke

Men kèk egzanp:
[Maria is more beautiful than Jessica]—————-Maria pi bèl pase Jessica
[Pablo is less intelligent than Pedro]——————Pablo mwens entelijan ke Pedro
[Juan is as handsome as Harry]————————Juan osi bo ke Harry

Fè yon ti pwatik !!!
Nan fraz sa yo idantifye sa ki se konparezon oubyen ki pa konparezon epi tradi.
She is older than Maria_______________________
Marcela is more intelligent than Simona __________________
This is bigger than I thought__________________
I have less than $20.00 dollars_______________________
The dog is fiercer than the cat _______________________

Repase sa nou wè sou paj saa anvan nou kontinye.
Pouw kontinye sou pwochèn paj la klike sou——– next
Pouw fè bak sou paj anvan klike sou —————– back