kre-eng1011

Pwemyè faz

Lè ke ou pwan yon Kou ak nou, men kijan wap itilize pwogram nan. Gen kote nap ba ou eksplikasyon, gen kote nap fè ekszèsis ak ou, gen kote pou ou fè ekszèsis poukont ou epi gen seksyon konvèsasyon pou ou swiv de pwe pou ou ka ouve bouch ou pouw pale. Ap gen video kem fè tou pouw ka tande, video yo ap gen nimewo ki koresponn ak nimewo ekzèsis yo.

Gen anpil diferans ant fè yon bagay ak fè yon bagay byen. Mwen ta renmen pou ou pale angle byen. Lè ou louvwi bouch ou, pou yo wè ke ou gen yon bòn fòmasyon

Pwononsyasyon

Pwononsyasyon se yon bagay ki enpòtan anpil nan aprantisaj yon lang. Malerezman nan koze angle wap jwenn anpil moun ki pwononse mo yo diferan pafwa. Se sèl ak abitid ke wap kapab vin kapte ti diferans ki genyen pafwa nan pwononsyasyon angle. Se menm jan ak lang pa nou (kreyòl). Si moun nan sòti nan Nò, li pale yon jan e sil sòti nan Sid , li pale yon lòt jan. poutan se toujou menm kreyòl la. Men kòman yo pwononse lèt alfabè angle a.
Gade video saa: kre eng10111

Saa se alfabè angle a. pwononsyasyon yo nan lang pa nou ant parantèz( )

a (eh) — b (bi) — c (si) — d (di) — e (i) — f (èf) — g (dji) — h (etch) — i (ay) — j (dje) — k (ke) — l (èl) — m (èm) — n (èn) — o (o) — p (pi) — q (kiou) — r (ar) — s (ès) — t (ti) — u (you) — v (vi) — w (dòbèlyou) — x (èks) — y (way) — z (zi)

Fè yon ti pwatik!!!
Eseye resite alfabè angle a sanw pa gade.

Pwononsasyon konsòn
Pwononsyasyon konsòn lèl devan yon vwayel (a, e, i, o, u ) menm jan ak kreyòl la ak kèk ti diferans tou piti
c (devan e ak i) ——pwononse tankou——s nan Sam [receipt]
c (devan a, o, u) ———————————k nan kalson [care]
g (devan e ak i)———————————–j tankou nan Jòj, [genius]

Pafwa gen moun ki konn vle apwann pi byen yon lang ke yo ka degage yo ladann. Sèlman sa yo bezwen, se yon estrikti pou yo ka itilize lang nan pi byen. Eske ou ta renmen pwan yon ti tès pouw wè kotew ye nan lang la.

Nap komanse ak yon ti vokabilè tou piti. Sa kap pèmèt nou fè yon seri de fraz tou senp.

Premye travay ou gen pouw fè se jwenn nan yon diksyonè sa mo sa yo vle di nan lang ke ou vle apwann nan: (pwonon) mwen, ou, li, nou, yo, (non) papa, manman, fwè, sè, kouzin, tonton, matant, neve, niès. Nan lis saa nap ajoute de mo sa yo ke yo rele (vèb) : se, genyen. Pou nou konplete lis la, nap ajoute mo sa yo ke yo rele (adjektif) malad, fatige, byen, tris, ere.

Petèt ou pa gen diksyonè, map ba ou siyifikasyon mo yo.

Mwen—————————-I
Ou——————————–You
Li———————————He oubyen (she)
Nou——————————-we
Ou (nou) (anpil moun) ——–you
Yo——————————–they

Mo sa yo se pwonon pèsonèl yo ye. Yo rele yo sijè tou. Yo mache ak vèb nan yon fraz.
———————————————————–
Papa——————————father
Manman————————-mother
Fwè——————————-brother
Sè———————————sister
Kouzin—————————cousin
Tonton—————————uncle
Matant (tant)——————–aunt
Neve—————————–nephew
Niès——————————niece

Mo sa yo repwezante non manm nan yon fanmi
———————————————————–
Se——————————–to be
Genyen————————–to have
Santi—————————–to feel

Mo sa yo se vèb yo ye. Yo se nannan yon fraz. San yon vèb, yon fraz pa gen sans
———————————————————–
Malad—————————-sick
Fatige—————————-tired
Byen—————————–well, fine
tris——————————-sad
Ere——————————-happy

Mo sa yo se adjektif ke yo rele yo.

Lè nou idantifye mo sa yo ke nou gen nan lis la, nou jwenn : pwonon, non, vèb, adjektif.

Tout lang kreye a pati de mo ke yo met ansanm pou fè fraz. Yon mo poukont li pa gen anpil sans. Sepandan, lè ou mete plizyè mo anssanm, li ka vle di yon pakèt bagay. Lè yon moun li saw ekri a li kap wè klèman saw vle di.

Fè yon ti pwatik!!!
Kounye a mwen vlew fè fraz ak mo kew te jwenn sa yo vle di yo nan lot lang nan.

Pa egzanp : papam malad (My father is sick)

Genyen mo ke yo sèvi ak yo pou poze kesyon. Mo sa yo enpòtan anpil pou konnen lèw fenk ap apwann yon lang. sa pèmèt ou fè sa yo rele yon dialog imajinè sanke ou poko antre o pwofon lang nan. Ou kap poze tèt ou kesyon epi ou reponn tèt ou kesyon an poukont ou. Se bèl plezi, ou pa fou non.
Gade video saa:kre-eng10111b

Kiyès——————who?
Kisa——————-what?
Kòman—————-how?
Kijan——————how?
Kibò——————-where?
Kilè——————–when?
Poukisa—————-why?

Nan lis la nap ajoute mo sa yo tou

Manje—————–to eat
Bwè——————-to drink
Domi——————to sleep
Renmen————–to love
Pale——————-to speak
Rele——————-to call
Rele——————-to scream
————————————————————————-
Diri——————–rice
Mayi——————corn
Vyann—————-meat
Legim—————-vegetables
Ji———————–juice
Dlo——————–water
Manje—————–food
Nourriti—————food
Zoranj—————–orange
Pòm——————-apple

Lè nou idantifye dènye lis saa nou wè ke li diferan de premye lis ke nou te genyen an. Li pa gen ni (pwonon) ni (adjektif). Fwa sa anko li genyen (vèb ak non). San yon vèb nan yon fraz, fraz saa pa konplè.

Fè yon ti pwatik!!!
Mwen vle ke ou fè fraz ak mo sa yo ou fenk apwann la.
Pa egzanp: kisa sèm nan bwe? What does my sister drink?

Li lè poum pale ou de “gramè”. Gramè se yon seri de règleman ke yon moun dwe swiv si ou vle pale oubyen ekri yon lang korèkteman. Chak mo gen idantite pal. Règleman sa yo pèmèt nou konnen kilè e kòman poun itilize yon mo. Nou genyen sa yo rele atik, pwonon, non, veb, prepozisyon, adjektif, adveb, etc…. Menm mo sa yo kapab divize nan lot kategori. Pa egzanp ou gen atik defini epi ou gen atik endefini.

Kom atik defini nou kapab genyen mo saa : ‘the’ tankou nan (nèg la) (the man)
Kom atik endefini nou kapab genyen mo saa : ‘a’ yon tankou nan (yon fanm) (a woman)

Ou genyen pwonon: pèsonèl, demonstratif, posesif, indefini

Ou genyen non : non prop ak non komen (Paul se yon non prop, kay se yon non komen)

Ou genyen adjektif : bon, move, bèl, lèd, lan, rapid, bèbè, ekstravagan, etc…

Ou genyen advèb : tou dousman, ak vitès, ak intelijans, anpil etc…

Pa bliye ke mwen pap janm ka montrew tout sa ki gen nan yon lang, Efò pèsonèl ou enpòtan anpil, Sa ke mwen ka montrew plis se kòman pouw etabli yon baz epi devlope yon estrateji pouw ka metrize kèlke swa lang nan. Pouw arive fè travay saa, fòk ou se yon moun ki renmen li oubyen fòk ou kreye tan pouw fè lekti. Bòn chans!
Ou sonje premye lis mo nou te genyen an li te sa yo rele (vèb) ladann. Vèb la se yon mo ki enpòtan anpil nan yon fraz. Nou te gen de vèb sa yo : se ak genyen. Nan koze vèb genyen sa yo rele (konjigezon). Konjigezon an se le veb la pwan plizyè fòm sivan janw gen pouw itilizel. Pa egzanp ou kap konjige vèb se konsa nan tan prezan

Mwen se Ayisyen————————— I am Haitian
Ou se Ayisyen——————————- You are Haitian
Li se Ayisyen——————————– He (She) is Haitian
Nou se Ayisyen—————————— We are Haitians
Ou se (plizyè moun) Ayisyen————– You are Haitians
Yo se Ayisyen—————————— They are Haitians

Konsa nou kapab wè ke yon sèl mo se ya ke nou itilize nan lang pa nou an, li chanje fòm sivan ou di mwen se oubyen li se

Mo pou ou apwann :
Elo—————————–hi!
Bonjou————————good morning
Bon apwèmidi—————good afternoon
Bon nwuit——————–good night
Mesye————————Mr, sir
Madam———————–Mrs.
Madmwazèl——————Ms.
Wi—————————–yes
Non—————————no

Konvèsasyon
Maria ak Piè ki rankontre, yap fè konesans
Maria____[Good morning]————————————–Bonjou
Piè______[Good morning, my name is Peter]—————-Bonjou, non pam se Piè
Maria___ [I am Maria, it is a pleasure]———————Mwen se Maria, se yon plezi

Nou te deja wè vèb “se”, kounyea nou pwal wè vèb “genyen”.

Mwen genyen——————I have
Ou genyen———————-You have
Li genyen———————–He (She) has
Nou genyen——————–We have
Ou (plizyè moun) genyen—You have
Yo genyen———————-They have

Mo pou ou apwann
Chen———————————–dog
Chat———————————–cat
Chwal———————————horse
Poul———————————–chicken
Lapen——————————–rabbit
Byen———————————–well
Mèsi———————————–thanks
Sèlman——————————–only

Konvèsasyon

Maria___ [Hi, Peter]—————–alo Piè
Piè_____ [How are you, Maria?]———-kòman ou ye, Maria
Maria___ [Fine, thank you]————byen mèsi
Piè_____ [I have two dogs, and you?]——————–mwen gen de chen, e ou menm?
Maria___ [I have only one]———————-mwen gen youn selman
Piè______ [Are you Dominican?]————————-ou se dominikèn?
Maria____[No, I am Bolivian, and you?]————-non, mwen se bolivyèn, e ou menm?
Piè______[I am Haitian]———————————-mwen se ayisyen

Entonasyon
Entonasyon gen rapò ak ton vwaw lè wap pale: li fè monte desann. Kwake yo pa bali anpil enpòtans menm jan ak yon seri de lang, lè wap poze yon kesyon pa ekzanp, ou konnen fòk ou monte vwaw nan fen kesyon an. Gen yon seri de mo, fòk ou abitye tande yo pouw konn kilè pouw monte oubyen desann vwaw.

Fè yon ti pwatik !!!
Eseye li mo sa yo pi vit ke posib pandan ke wap respekte ton vwaw. Apwe sa gade tradiksyon yo an Kreyol.

[What’s your name?]———————————————kijanw rele
[Where do you live?]———————————————ki kotew rete
[How old are you?]———————————————–ki laj ou
[Where is the bathroom?]—————————————-kote twalèt la ye
[Who is your friend?]———————————————kiyes ki zanmiw
[How much is this?]———————————————–ki pri bagay saa
[What do you think?]———————————————-kisaw panse

Men yon seri de ekspwesyon ke ou jwenn souvan. Apwann yo!!!

Elo!—————————————-hi!
Bonjou————————————good morning
Bonswa———————————–good evening
Bon apwèmidi—————————good afternoon
sakapfèt?———————————what’s up?
Kòman ou ye—————————-how are you?
Byen mèsi——————————–fine, thank you
Trè byen———————————-very well
E oumenm?——————————and you?
Babay————————————-good bye

Silvouplè———————————please
Mèsi anpil——————————–thank you very much
Deryen————————————don’t mention it
Ekskizem———————————excuse me
Kijanw rele——————————-what’s your name?
Kijanw rele——————————-how do they call you?
Mwen rele…—————————–my name is…
Mwen vle pwezantew…—————-let me present you…..
Mwen kontan rankontrew————–please to meet you
Plezi an se pou mwen——————-the pleasure is mine
Egalman———————————-likewise

Fè yon ti pwatik!!!

1. How are you? _________________________________
2. Fine, thank you _________________________________
3. What’s up? _______________________________
4. What’s your name? _____________________________
5. How is your mother? ____________________________
6. Congratulations! _______________________________
7. Bye! _________________________________________

Mo ke ou dwe konnen pou yon okazyon kelkonk
Byenvini!————————————-Welcome!
Mèkonpliman!——————————-Congratulations!
Jwaye zanivèsè!—————————–Happy anniversary!
Bòn fèt—————————————-Happy birthday!
Jwaye nowèl———————————Merry Christmas!
Bòn ane—————————————Happy newyear!
Bòn fèt (nan fen ane) ———————–Happy Holidays!

Mo de ou menm pèsonèlman
Mwen grangou——————————-I am hungry
Mwen swaf———————————–I am thirsty
Mwen cho————————————I am hot
Mwen fwèt———————————–I am cold
Mwen gen dòmi—————————–I am sleepy
Mwen tris————————————-I am sad
Mwen kontan——————————–I am happy
Mwen fatige ———————————I am tired
Mwen malad———————————I am sick
Mwen gen pwoblèm————————I am worried

Pouw ka kontinye sou paj sivan peze sou——next