kre-chi

 

Nihao Nihao Nihao Nihao Nihao Nihao Nihao
——- Hello ——- 你好——-

Kijan ou ye?——Nǐ hǎo ma?——-你好吗

Mwen byen, mèsi—wǒ hĕn hǎo, xièxiè— 我很好,谢谢

Bondye renmenw—shàngdì aì nǐ—-上帝爱你

Ou ta renmen apwann yon lòt lang tankou chinwa?
Kijan ou ta renmen fonksyone nan lang saa?
Kòm debitan, pwofesyonèl oubyen ekspè?
Nan lang chinwa se sèlman yon entrodiksyon map ba ou gratis. Mwen konnen ke ou kapab al pi lwen. Bòn Chans!!!

Meyè fason pouw apwann yon nouvèl lang se lèw ap anrichi konesans ou nan lang saa piti a piti ak disiplin sanw pa lage jiskaske ou metrizel

Premye etap la se pouw familiarizew ak yon seri de mo ke ou jwenn trè souvan nan yon konvèsasyon.

Dezyèm etap la se pouw idantifye estrikti fraz yo nan lang saa. Relasyon ak pozisyon eleman ki fè yon fraz.

Twazyèm etap la se pouw komanse agrandi vokabilèw nan tande kote moun ap itilize lang nan ak li liv ki ekri nan lang nan.
Mwen konnen ke lap difisil pouw li chinwa, men li pa enposib
Siw ta bezwen prezans mwen pèsonèlman, Kontaktem pou enfòmasyon
hercule@lebien.net

Mwen rele Hercule Milhomme, mwen se ayisyen natifnatal.
Mwen mete pwogram saa sou pie poum wè nan ki manyè mwen ka enterese nou apwann yon lòt lang tankou chinwa pa egzanp. Si ou te fè de jou lekòl epi ou kapab li kreyòl li pap trò difisil pouw apwann sa map baw la, e menm al pi lwen. Menm si ou pat rete lekòl, depi ou ka li wap kapab swiv pwogram nan, men fòk ou met entelijans ou deyò pouw kapab fè yon seri de dekouvèt pèsonèl epi etabli relasyon ant saw apwann deja, saw ap apwann e saw gen pouw apwann pi devan.
Chinwa saa ke mwen ofwi a rele “mandarin” tou. Se fòm ki pi senp ke chinwa yo pale.
Ou pa gen senkòb pouw peye pouw apwann chinwa a sou nèt la. Si ou ta vle gen kontak ak yon pwofesè, wap oblije peye pou sa.

Lè ke ou pwan yon Kou ak nou, men kijan wap itilize pwogram nan. Gen kote nap ba ou eksplikasyon, gen kote nap fè ekszèsis ak ou, gen kote pou ou fè ekszèsis poukont ou epi gen seksyon konvèsasyon pou ou swiv de pwe pou ou ka ouve bouch ou pouw pale.

Gen anpil diferans ant fè yon bagay ak fè yon bagay byen. Mwen ta renmen pou ou pale chinwa byen. Sa ki rele byen an Se lè ou mete an aplikasyon yon seri de règleman ki kontwole Jan ou dwe eksprimew. Lè ou louvwi bouch ou, pou yo wè ke ou gen yon bòn fòmasyon.

Pwononsyasyon

Pwononsyasyon se yon bagay ki enpòtan anpil nan aprantisaj yon lang. Lang chinwa bay anpil problem nan kesyon pwononsyasyon. Moun ki pèdi dan devan genyen anpil difikilte.
Kontrèman a anpil lang romèn tankou franse, angle e latriye, lang chinwa genyen fason pal ke yo ekri li. Ekriti pa li baze sou yon seri de pictogram, sètadi ti siy ki ta vle sanble ak sa yo vle pale de li a. Chak son ki soti nan bouch ou yo reprezante pa yon senbòl oubyen siy ke nou ka rele karaktè tou. Pa egzanp ou gen manman—-māmā—妈妈 si se manman pam epi mǔqīn—-母亲 si se manman paw. māmā ak mǔqīn vle di men bagay la. Lè de Mo vle di menm bagay la, yo rele yo sinonim. Ou wè karaktè yo byen epi ou wè kòman pou ou pwononse yo. Chak karaktè koresponn ak yon son. Pa ekzanp mǔqīn genyen 2 karaktè 母-亲 ki ba ou 2 son. Se menm bagay ak sa yo rele silab nan lang kreyòl la.

Gid prononsyasyon
Representasyon karaktè yo nan let romen yo rele pinyin. Se yon fason ofisyèl Pou transmèt lang chinwa nan lòt lang; yo utilize alfabè romen an. Pifò pinyin (lèt) sonnen menm jan ak nan lang pa nou, sepandan nou gen kèk lèt sa yo ki diferan:
X prononse —- sh tankou nan (sho) ak yon to sirèt (lol)
C prononse —- ts tankou nan (tots)
Q prononse —- tch tankou nan (tchoul)
Z prononse —- z oubyen dztankou nan (zoulou)

Zh prononse —-dj tankou nan (djakout)

Genyen ti chanjman ke mwen fè nan ekriti “pinyin” nan ki se fason yo pwononse mo sou baz anglè a ak kèk aksan ki pa disponib nan sistèm map itilize a.

Pafwa gen moun ki konn vle apwann pi byen yon lang ke yo ka degage yo ladann. Sèlman sa yo bezwen, se yon estrikti pou yo ka itilize lang nan pi byen.

Nap komanse ak yon ti vokabilè tou piti. Sa kap pèmèt nou fè yon seri de fraz tou senp.

Premye travay ou gen pouw fè se chache sa mo sa yo vle di nan lang ke ou vle apwann nan: (pwonon) mwen, ou, li, nou, yo, (non) papa, manman, fwè, sè, kouzen, tonton, matant, neve, niès. Nan lis saa nap ajoute de mo sa yo ke yo rele (vèb) : se, genyen. Pou nou konplete lis la, nap ajoute mo sa yo ke yo rele (adjektif) malad, fatige, byen, tris, ere.

Mwen—————————-Wǒ——我
Ou——————————Nǐ—–你
Li———————————-Tā—–他 (gason) 她 (fi)
Nou——————————-Wǒmenn–我们
Ou (nou) (anpil moun) ——–Nǐmenn—你们
Yo——————————–Tāmenn—他们

Mo sa yo se pwonon pèsonèl yo ye. Yo rele yo sijè tou. Yo mache ak vèb nan yon fraz.
———————————————————–
Papa——————————fùqīn—-父亲
Manman————————mǔqīn—-母亲
Fwè——————————-dìdì—–弟弟
Sè———————————mèimei—-妹妹

Kouzen-———————byaodì—表弟
Tonton———————shoūshou—叔叔
Matant (tant)————āyí—阿姨
Neve———————wàishēng—-外甥
Niès——————————zhínü—-侄女

Mo sa yo repwezante non manm nan yon fanmi
———————————————————–
Se——————————–shì—-是
Genyen————————–yǒ—有

Mo sa yo se vèb yo ye. Yo se nannan yon fraz. San yon vèb, yon fraz pa gen sans
———————————————————–
Malad—————————-bìngle—-病了
Fatige—————————-lèi—-累了
Byen—————————–hǎo——–好
tris————————shāngxīn—-伤心
Kontan———————gāoxìng——高兴

Mo sa yo se adjektif ke yo rele yo.

Tout lang kreye a pati de mo ke yo met ansanm pou fè fraz. Yon mo poukont li pa gen anpil sans. Sepandan, lè ou mete plizyè mo ansanm, li ka vle di yon pakèt bagay.

Fè yon ti pwatik!!!
Kounye a mwen vlew fè fraz ak mo kew konnen sa yo vle di yo nan lot lang nan.

Pa egzanp : papam malad—-wǒ fùqīn shēngbìngle—-我父亲生病了

Manmanm malad—-wǒ māmā shēngbìngle—-我妈妈生病了

Kouzen ou an fatige—–nǐ de byaodi leyle——你的表弟累了

Neve mwen an malad—–wǒ de wàishēng shēngbìngle—我的外甥生病了

Genyen mo ke yo sèvi ak yo pou poze kesyon. Mo sa yo enpòtan anpil pou konnen lèw fenk ap apwann yon lang. sa pèmèt ou fè sa yo rele yon dialog imajinè sanke ou poko antre o pwofon lang nan. Ou kap poze tèt ou kesyon epi ou reponn tèt ou kesyon an poukont ou. Se bèl plezi, ou pa fou non.

Kiyès——————shéi——-谁
Kisa——————-shénme—–什么
Kòman—————-zĕnme yáng—怎么样
Kijan——————zĕnme yáng—怎么样
Kibò——————-nǎlǐ——–哪里
Konbyen-(pri)—-duōshao qían—多少钱
Kilè——————–shénme shíhòu—什么时候
Poukisa—————-wèishéme——为什么

Nan lis la nap ajoute mo sa yo tou
Manje—————–chī—–吃
Bwè——————-hé—-酒
Dòmi——————shuìjiào—-睡觉
Renmen—————ài——-爱
Pale——————–shuō—–说

————————————————————————-
Diri——————mǐfàn——–米饭

Mayi——————yùmǐ———玉米

Vyann—————-ròu——-肉

Ji—————–guǒzhī——果汁

Dlo——————–shuǐ——–水

Zoranj——–chéngzī——橙子

Pòm————píngguǒ——苹果

Pen——-miánbāo———面包

Kafe—–Kāfēi——-咖啡

Kisaw ta renmen pale?——Nǐ xiǎng shuō shénme—–你想说什么

______________________________________

Si ou vrèman enterese apwann chinwa, ou kapab anregistre oubyen fòme yon gwoup de apeprè 10 etidyan ou plis kote Nou kapab jwenn gwo rabè sou PRI Kou a EPI siv ansanm fas a fas sou òdinatè nou an dirèk. Ou bezwen yon bon sèvis entènèt,(trè enpòtan). Mwen va montre tout teknik ki genyen nan apwann yon lang ki pa lang manmann ak  papann. Apre 24 sesyon (è) ou kapab resevwa sètifika nan premye nivo aprantisaj lang chinwa. Sèlman voye yon mesaj sou imèl saa. hresourses@lebien.net pou plis enfòmasyon. Lè ou se Yon lebienist, ou jwenn plis rabè toujou, paske ou se Yon moun kap travay pou retire pay nan je lòt frèw ak sèw.

Yon ekzanp konvèsasyon kote Lee ak Piè rankontre pou la premyè fwa.

Lee____Zǎoshang hǎo——早上好———————–Bonjou
Piè____Zǎoshang hǎo, wǒ de míngzì shì bide—– 早上好, 我的名字是 彼得——-Bonjou, non pam se Piè
Lee___ Wǒ  shì Lee, hĕn gāoxìng——我是李, 很高兴———Mwen se Lee, se yon plezi

___________________________________________

Saa se kote Lee ak Piè vin rankontre yon lòt fwa

Lee___ Hai, bidé ——嗨, 彼得——–alo Piè
Piè____ Nǐ hǎo ma—–——你好吗—-kòman ou ye
Lee___ hǎo de, xiéxie ——好的,谢谢——byen, mèsi
Piè____ Nǐ láizì nǎlǐ——你来自哪里 ———-ki kotew sòti?

Lee____Wǒ láizì zhongguó, Nǐ ne?——-我来自中国 ——mwen sòti lachin e ou menm?

Piè____Wǒ shì hǎidì rén———我是海地人——-mwen se ayisyen

Entonasyon
Entonasyon gen rapò ak ton vwaw lè wap pale: li fè monte desann. Nan Lang china li enpòtan anpil fason ke ton vwa ou fè lè wap pale. Li genyen 4 ton aktif ak yon ton net. Gen yon seri de mo, fòk ou abitye tande yo pouw konn kilè pouw monte oubyen desann vwaw. Ou gen dwa di yon mo nan 2 ou 3 ton diferan epi menm mo saa vle di diferan bagay nan chak ton yo.

Kèk ekspresyon ki ka itil ou

Qingwèn nǐ guìxìng dàmíng——请问你贵姓大名——kijanw rele
Nǐ zhù zài nǎli———————你住在哪里———ki kotew rete
Nǐ jǐ suì————————你几岁—————–ki laj ou
Xishǒujiān zài nǎlǐ——————洗手间在哪里—————-kote twalèt la ye
Zhège duōshǎo qián———这个多少钱———–ki pri bagay saa
Nǐ zĕnme kàn—————你怎么看————-kisaw panse

Men yon seri de ekspwesyon ke ou jwenn souvan. Apwann yo!!!

Bonjou—————zǎoshang hǎo——早上好
Bonswa————wǎnshàng hǎo—-晚上好
Bon apwèmidi——xiàwu hǎo—–下午好
sakapfèt?——nǐ zĕnme yáng——你怎么样
Kòman ou ye—–nǐ zĕnme yáng—你怎么样
Byen mèsi———hĕn hǎo, xièxiè—–很好,谢谢
Trè byen———fēicháng hǎo——-非常好
E oumenm?————nǐ ne——你呢
Babay————zàijiàn———-再见