Metem deyòMetem deyò
tanpwi metem deyò
mwen paka tande bwi sa yo
tanpwi metem deyò
I
Machin kap kouri
moun kap diskite
pòt kape frape
pwofesè kap fè kou
II
Ti moun kap kwie
kout zam kap tire
mato kap frape
bòs kape kòmande
ref (II)
Menem ale nan mòn
kote ki gen fwechè
kote mwen va an kontak
avèk lanati
mwen va santim nan pom
mwen va santim lakay men
ma chache kotew ye
poun panse de lanmou
Ecrit en Février 1990
Kite mwenKite mwen kotem ye a, kite mwen
banm yon brek, se bondye map sèvi
kite mwen kotem ye a, kite mwen
mkonen son sèl bondye ke nap sèvi
I
Depi mwen toupiti mwen gwandi nan yon religyon
kote yap pweche renmen lajistis ak fwatènite
ou vin ak religyon paw, ou dim ke seli ki pi bon
menm si se menm bondye a, gen bagay mwen pa respekte
II
Nan tout sa ke ou dim, gen yon bagay ki retni atansyonm
sè ke ou dim labib deklare, moun pa gen dwa jige
men ou pa remake, lè wap ofwim religyon paw la
se paske ou vle jigem, aloske labib pa pèmèt sa
III
Si vrèman wape chache lesiel, se pouw toujou ret an eveil
pa koute sa moun ap diw la, men fè volonte granmet la
bonèa pa nan religyon, ou pa pwann non plis pa kontagyon
se chache fè bel aksion, aji fwaw nan kwisla nan linyon
Ecrit en Mai 1987
OumenmselDepi pwemye jou kem te wèw
se a ou map panse
kelke swa sa mwen fè
se ou mwen wè devanm
ref
Mwen renmenw ti cheri pou lavi
Mwen renmenw ti cheri a jamè
II
Lè mwen pa bò kotew cheri
mwen santi mwen pa byen
map fè tout sak posib
pou mwen ka retounen
III
Di mwen cheri kisa poum fè
pou mwen ka posedew
paske se tout lidem
pou mwen kapab genyenw
Ecrit en Mai 2002
Kote nouYo vle kenbe'n anba pye yo
pou nou pa janm anyen
yo renmen pou yo pase'n lòd
fè sa yo vle avèn
ref (I & II)
Yo mèt sote yo mèt ponpe
fòn tounen nan peyin
yo mèt sote yo mèt ponpe
nap retounen kanmenm
II
Yo bay lajan pou dezinyon
simen la destwiksyon
men ak bondye'n kanpe pi rèd
pase yon ke makak
III
Met tèt ansanm pou nou mache
pou nou kapab rive
twavay ansanm pou nou kapab
change peyi nou
ref (III)
Yo mèt sote yo mèt ponpe
fòn tounen nan peyin
yo mèt sote yo mèt ponpe
nap retounen kanmenm
Yo mèt sote yo mèt ponpe
fòn tounen nan peyin
yo mèt sote yo mèt ponpe
Fò peyi nou change
fòn gen yon alemye
nap retounen kanmenm.
Ecrit en Mars 2002
Lavi saa, san linyon, mmmm
Ou menm ki te tout mwen
ou men ki toujou dim ou renmen mwen
plis pase tout moun, ou renmenm
gade jan wap maltwetem.
Olye pouw mete tèt ou avèm
pou nou genyen sa yo rele linyon an
ou pito foure kòw nan tout vye sòs
ou pa tande yon paròl ki di konsa
ke linyon fè lafòs
se sa nou vrèman bezwen.
Gade moun sa yo, gade yo byen
ou pa wè jan yap monte
de jou an jou yap monte pi wo.
Se linyon ke yo genyen nan klas pa yo
ki pèmèt ou sanble ak eskelèt vivan saa
pou ki saw pa chache nan klas paw la
genyen sa yo rele linyon an tou.
Pou kapab di non, non, non,
a tout sakew pa vle.
Ou pa wè ke yo met tèt ansanm
pou yo gwiyen dan yo ba ou
alòske yon kokomakak kenbe
nan men yo dèyè do yo.
Met tèt nou ansanm tou
pou nou kab rache baton saa nan men yo
pou nou demontwe yo ke nou pa pwan nan kaponnay.
Ou pa tande sa yo di ou
yo di ou mèt pale, pale, pale
epi yo met men sou bouch ou
yo pwèt pou toufew, pouw pa di
sa ou santi, la verite, tout saw vle di.
Nan menm linyon ke yo genyen pou fè sak pa bon an,
nou kab gebyenl tou pou nou fè sak bon poun defann nou.
Pou nou dechire men yo sou bouch nou.
Menm jan gen linyon anro
li kab genyenl anba tou.
Gade lèw, ou chita poukont ou,
epi ou pwetann ke ou ere
gade lè li, li chita poukont li,
epi li pwetann ke li ere.
Sa wap tann pouw lonje men bali
sa nap tann pou nou fòme yon chenn.
Paske vwèman frè malerem yo
lavi saa, ou te mèt wèl dous tankou siro myèl,
on ti kadè,ou wèl vin anmè tankou fyèl.
Ecrit en Août 1984